nyckidsrise-logo

Chè Paran oswa Responsab Legal,

Byenveni nan Pwogram Ekonomize pou Inivèsite (Save for College Program) NYC Kids RISE la! Kounye a, pitit ou a genyen yon Kont Bousdetid NYC (NYC Scholarship Account) gratis.

Pwogram Ekonomize pou Inivèsite a se yon pwogram bousdetid ak epay ki sipòte avni inivèsitè ak karyè pwofesyonèl elèv lekòl piblik NYC yo. Pwogram nan kòmanse nan jadendanfan. Ou kapab patisipe kèlkeswa revni oswa estati imigrasyon fanmi ou.

Kisa sa vle di lè ou enskri nan Pwogram Ekonomize pou Inivèsite a:

Kont Bousdetid NYC – Pitit ou a gen yon Kont Bousdetid NYC gratis! NYC Kids RISE jere Kont Bousdetid NYC a nan non yo. Pitit ou a kapab itilize lajan ki sou kont sa a pou edikasyon li alavni. Yo kapab itilize li pou frè eskolarizasyon ak lòt depans kalifye ki gen rapò ak edikasyon. Yo kapab itilize li nan inivèsite de lane ak inivèsite kat lane, lekòl komèsyal ak pwofesyonèl, ak pwogram aprantisaj ki elijib toupatou nan peyi a.

Louvri Pwòp Kont Depay pou Inivèsite ak Karyè pa w – Fanmi w kapab louvri ak konekte yon kont depay pou inivèsite ak karyè nan avantaj pitit ou a. Avèk kont sa a, ou kapab ekonomize pou pitit ou a nan fason ak avèk montan ki fè sans pou ou. Gen plizyè opsyon chwa kont depay ki disponib atravè Pwogram Ekonomize pou Inivèsite a. Nou gen resous pou ede w fè bon chwa a pou fanmi w.

Rekonpans Bousdetid ak Korespondans Depay – Fanmi w kapab resevwa jiska $200 kòm rekonpans pou Kont Bousdetid NYC pitit ou a. Sa vin ajoute sou alokasyon inisyal $100 a. Resevwa premye $75 a lè w konplete twa etap debaz yo. Etap sa yo rele “3 Blòk Konstriksyon.” Ou kapab resevwa $25 lè w konplete chak etap. Apre pitit ou a fin gradye nan jadendanfan, w ap gen opòtinite pou resevwa $100 kòm korespondans depay.

Evènman Vityèl ak Atelye – Ale sou nyckidsrise.org/events pou enskri pou evènman vityèl ak atelye yo ki fèt tout pandan ane a. Ou kapab poze lekòl ou a kesyon tou konsènan evènman eskolè pou ane lekòl k ap vini an.

Bousdetid Kominotè – Fanmi w fè pati kounye a nan Kominote Pwogram Ekonomize pou Invèsite a! Sa vle di kominote w la ansanm ak tout vil la pral travay ansanm pou kolekte fon atravè kanpay Bousdetid Kominotè. Fon sa yo sipòte Kont Bousdetid NYC pitit ou a.

 

 

Resous ki Itil:

Aprann sou pwochen etap ou kapab swiv yo nan Pwogram Ekonomize pou Inivèsite a pou ogmante fon pitit ou a genyen pou fòmasyon inivèsitè ak pwofesyonèl. Tout dokiman sa yo disponib nan lang Anglè, Arab, Bengali, Fransè, Kreyòl Ayisyen, Koreyen, Ris, Chinwa Senplifye, ak Panyòl.

  1. Eleman Debaz Pwogram Ekonomize pou Inivèsite a eksplike konpozan prensipal yo nan Pwogram nan;
  2. Ajennda Pakou a ede w swiv pwogrè fanmi w nan Pwogram nan;
  3. Kesyon Yo Poze Souvan yo kapab reponn kesyon ou ka genyen yo; epi
  4. Lis Verifikasyon Blòk Konstriksyon 1 ki Konplete pou aktive ak afiche Kont Bousdetid NYC pitit ou a. Aktive li sou entènèt la epi resevwa premye $25 rekonpans ou an.

Si w gen nenpòt kesyon, ou kapab: kontakte lekòl pitit ou a; rele liy asistans telefonik NYC Kids RISE la nan 833-543-7473; oswa voye yon imèl bannou nan [email protected].

Nou kontan pou nou fè patenarya avè w pou nou ekonomize ansanm pou avni timoun ou an! Sa se sèlman kòmansman an.

Sensèman,

Debra-Ellen Glickstein
Direktè Egzekitif
NYC Kids RISE

Stay Connected

Sign up to receive email updates and news from NYC Kids RISE