nyckidsrise-logo

Dola ak Rèv pou Jèn Abitan New York yo

Otè yo se Prezidan Awondisman Staten Island lan, Vito Fossella, Prezidan Awondisman Bronx lan, Vanessa L. Gibson, Prezidan Awondisman Manhattan lan, Mark Levine, Prezidan Awondisman Brooklyn lan, Antonio Reynoso, Prezidan Awondisman Queens lan, Donovan Richards, Jr.

Chak jou, nou toulesenk ap mennen yon vi ki vrèman diferan. Pandan youn nan nou ap vizite yon ti antrepriz, yon lòt ap rankontre avèk defansè sekirite piblik yo, epi yon lòt chita nan yon biwo nan distri a, kote l ap chèche konprann kòman pou l jere pwoblèm elektè yo genyen konsènan tout bagay soti nan lojman rive nan ranmase fatra. Men si nou onèt ak tèt nou, nou tout nou gen menm aktivite esansyèl nou pi pito a: vizite lekòl yo.

Pa gen anyen ki depase enèji kontajye nan salklas la pase lè timoun yo ap anmagazinen konesans, ap sosyalize avèk kanmarad yo, ak lè y ap entèraji avèk edikatè ki kalifye nou yo nan vil nou an. Epi chak fwa sa fèt, nou dwe sonje ke pandan nou reprezante defason kolektif 9 milyon abitan New York yo nan vil la ki kouvri tout divèsite ki egziste nan vil nou an, nou gen yon priyorite an komen: mete timoun nou yo sou chimen pou yo rive reyalize rèv yo.

Daprè sa nou tande chak jou elektè nou yo di epitou baze sou pwòp eksperyans pèsonèl pa nou, nou konnen fòk gen ni atant elve ni resous ki reyèl pou n kapab rive reyalize sa. Men ki mesaj nou dwe transmèt bay timoun yo: kwè nan tèt nou, epi konnen ke kominote nou an kwè nan nou. E sa a nou kapab pwouve l.

Ou ka wè prèv sa a toupatou nan vil la kounye a: pwiske gen plis pase 70,000 timoun ki nan jadendanfan ki resevwa Kont Bousdetid NYC (NYC Scholarship Account) yo a pandan ane lekòl sa a. Kont yo, atravè Pwogram Ekonomize pou Inivèsite (Save for College Program) NYC Kids RISE la, gen yon premye alokasyon $100 yo depoze sou yo pou chak grenn timoun ki nan jadendanfan nan yon lekòl distri oswa nan yon lekòl piblik endepandan (charter school), nenpòt kote nan Vil New York, an patenarya avèk Depatman Edikasyon NYC (NYC Department of Education) ansanm ak Biwo Ekite Majistra NYC (NYC Mayor’s Office of Equity) a.

Sa prèske double kantite total fanmi k ap patisipe nan pwogram bousdetid ak pwogram epay pou inivèsite a toupatou nan Vil New York, pou li prèske bay yon total ki se 145,000. Depi lansman Pwogram Ekonomize pou Invèsite a nan lane 2017 la, yo gentan alwe defason kolektif plis pase $18.5 milyon sou Kont Bousdetid NYC elèv k ap patisipe yo.

E si sa sanble li merite pou n selebre, se sa l ye menm! Lekòl elemantè ki nan toulesenk awondisman yo te òganize plizyè evènman, atelye, ansanm ak lòt aktivite pou fanmi ki fèk enskri yo nan kad Mwa Bousdetid NYC a nan mwa Janvye a, kote yo te ankouraje yo aktive ak gade nouvo Kont Bousdetid NYC pitit yo a. Soti nan South Bronx rive nan South Shore ak nan tout lòt kominote nan vil la, yo te òganize atelye an pèsòn ansanm ak sansibilizasyon endividyèl, epitou yo te dekore ak prezante Postè Pyebwa Lajan lekòl yo a pou yo kapab montre kòman balans ki sou Kont Bousdetid NYC elèv k ap patisipe yo ogmante apre yon tan.

Sa enpòtan toutbon: rechèch yo sijere ke timoun ki gen yon kont depay pou inivèsite ki gen sèlman ant $1 ak $500 gen twa fwa plis chans pou yo ale nan inivèsite, epi yo gen plis pase kat fwa plis chans pou yo gradye. Sa byen senp: si timoun yo ak fanmi yo konnen ke inivèsite posib, ke gen moun ak resous ki disponib pou yo, y ap pwofite de sipò sa a epi y ap pran mezi ki reflete kwayans ki afime ke y ap reyisi a.

Li enpòtan anpil pou fanmi yo nan vil nou an–kote anpil nan yo jouk kounye a ap lite anba retonbe ekonomik COVID-19 lakoz la– konnen ke pwòp konpatriyòt yo nan New York ap sipòte yo. Se pou sa yo te kreye Pwogram Ekonomize pou Inivèsite a: pou l founi yon platfòm inivèsèl pou kreye richès ki akse sou kominote a. Li pèmèt patnè yo soti nan gouvènman rive nan sektè filantwopik yo ak biznis lokal yo pou yo kontribye defason pou tout elèv ki nan lekòl piblik yo kapab rive gradye nan lekòl segondè avèk yon aktif finansyè pou sipòte fòmasyon nan inivèsite ak fòmasyon pwofesyonèl yo e pou yo gen atant elve pou reyisit, kèlkeswa estati revni oswa estati imigrasyon yo. Pandan y ap konbine bousdetid demaraj yo, epay fanmi yo, envestiman kominotè yo, ansanm ak sous finansman yo nan tout nivo, Pwogram Ekonomize pou Inivèsite a kapab kreye divès aktif ki enpòtan pou elèv ki nan lekòl piblik yo ak pou kominote yo.

Kidonk, si w gen yon timoun ki nan jadendanfan, kounye a se moman pa w la menm pou aktive Kont Bousdetid NYC pitit ou a nan nyckidsrise.org/activate. (Epi si w gen yon timoun ki nan klas premyè ane ki te resevwa yon kont ane pase, asire w ou aktive l tou!) Ou pral resevwa yon $25 dola anplis sou kont lan poutèt ou swiv premye etap sa a nan twa etap debaz yo, epi w ap gen opòtinite pou resevwa plis lajan apre yon tan. Si w bezwen èd, kontakte Kowòdonatè Paran (Parent Coordinator) ki nan lekòl ou a oswa patisipe nan yon pwochen atelye vityèl nan nyckidsrise.org/events.

Esansyèlman, kantite dola ki nan bank lan enpòtan. Sepandan, nou pa dwe bliye nonplis valè ki pa valè materyèl la ke 70,000 jèn abitan New York yo ap resevwa gras ak kont sa yo. Valè tankou konfyans ak asirans ki manifeste nan tout kwen nan vil la–soti depi nan biwo nou yo, rive nan Meri a, nan biznis lokal yo, ak nan koulwa kay bayè de fon tankou Gray Foundation–ke nou kwè nan yo, e ke nou la pou nou ede yo konstwi avni pou rèv yo.

Stay Connected

Sign up to receive email updates and news from NYC Kids RISE